Avèk nouvèl teknoloji yo, sitou gras a entènèt, kreyòl ayisyen an ap pouse bourik li san gade dèyè pou li depase limit anpil moun ki pa avize nan kesyon lang ba li yo. Deja, Google gen vèsyon kreyòl, Wikipedia – pi gwo ansiklopedi anliy, gen vèsyon kreyòl ; e menm gen yon ansiklopedi anliy espesifikman an kreyòl – Kreyolopedi.
Se kèk gran pa lang lan fè deja. Men, li ap kontinye vanse. Men pou li vanse pi vit, lang lan bezwen tou pou plis moun pale l. Lang avan tout bagay se pou kominike, donk tank plis moun ap kominike ladan, plis lang lan vin enpòtan. Nan sans sa, kreyòl ayisyen an kontinye ap vanse tou. Sa ki konvenk Duolingo antre nan dans lan pou li ofri yon pwogram ki pèmèt moun aprann lang lan, dapre sa enstitisyon an anonse sou paj rezo sosyal li yo (Facebook, Instagram, Twitter…) pandan jounen 10 fevriye 2022 a.
« Ki bri sa ? Se pa ta yon nouvo kou ki ta eklate ? Repons lan se « wi » – paske kreyòl ayisyen an pou moun ki pale anglè nan wout. Li pa lwen. Enskri pou nou kapab konnen lè li disponib… », se sa Duolingo pibliye nan lang anglè.
Duolingo se yon sit entènèt ak yon aplikasyon mobil pou moun aprann lang tout kote nan mond lan. Antrepriz sa a, Luis von Ahn ak Séverin Hacker fonde li an 2009, e li baze nan vil « Pittsburgh », nan peyi Etazini. Aktyèlman, Duolingo genyen plis pase 103 kou pou aprann plis pase 40 lang. E, li gen plis pase 500 milyon moun ki anrejistre pou aprann.
Nan yon ti tan, kou pou aprann kreyòl ayisyen an, yo pral disponib. Nenpòt moun ki metrize anglè ap kapab aprann lang lan kèlkseswa kote li ye nan mond lan. Li sèlman ap bezwen ale sou sit entènèt Duolingo a, oubyen telechaje aplikasyon yo a ki disponib pou Andwoyid, iOS, Telefòn Windoz, Windoz 10 Mobil…
Pandan n ap rete tann Duolingo mete pwogram nan disponib, nou menm ayisyen, an nou bay lang lan valè, an nou ba li jarèt nan jan n ap itilize li sou entènèt la. Ekri Kreyòl la kòrèkteman, se pèmèt pwogram ki sou entènèt yo kapte idantite lang lan. Sitou, pou program TAL yo (Traduction Automatique des Langues) k ap kreye algorit ki pou pèmèt Kreyòl la konstwi espas li ak presizyon.
Yon atik ki anonse yon avni pwometan pou lang kreyòl la atravè teknoloji yo. Lang nan bezwen jarèt pou l ret vivan. Pale yon lang kontribye nan egzistans lang nan.
Bravo flamarad.
🙌