21 fevriye, se jounen entènasyonal lang matènèl, sa ki vle di premye lang yon moun pale. Inisyativ pou selebrasyon sa sòti nan peyi Benngladèch, li apwouve nan Konferans jeneral « UNESCO » an 1999, epi li kòmanse nan lane 2000.

Nou menm ayisyen, lang nou se kreyòl. Yon lang nou kreye ak pwòp zouti fizyolojik ak konyitiv nou, nan tan lakoloni pandan blan fransè te met baryè pou n pa t pale ni lang pa yo a, ni lang nou te travèse loseyan ak yo soti Lafrik.

Nan devlopman lang lan, li devlope yon ti ekspresyon ki, a chak fwa, sitou lè li marye ak yon kout soupi nan fen li, chaye tout touman nou. Ti ekspresyon sa a, se : « Adje wi, Dan ! ». Li ra pou yon ayisyen pa ta repete li menm yon fwa, etandone prèske chak jou peyi a prezante n yon sitiyasyon ki sisite li. Men, konbyen nan nou ki konprann li tout bon, e menm konnen orijin li ? Sandout, anpil !

Ebyen, pou nou konprann ekspresyon sa epi remonte a orijin li, nou bezwen gen lang lan nan men dwat, kilti nou nan men goch. Se sa pwofesè Serge Madhere, sikològ, doktè nan mezi ak estatistik, prezidan Kandelab ki se yon òganizasyon ki angaje l nan prezèvasyon kilti fòlklorik ak mizik popilè Ayiti, vle fè konprann.

Men sa Pwofesè Madhere rakonte : « Lang Kreyòl sa a o, si w vle konnen l reyèlman, se chita etidye l. Gen yon ekspresyon Kreyòl ki gen 3 mo sèlman ; men anpil moun pa konnen l oswa pa konprann sa l vle di. Se « Adje wi, Dan ! ». Pwoblèm lan se paske sans 2 nan mo yo chape moun yo. Si w ap chèche sans ekspresyon an nan Lang Franse, ou p ap janm jwenn li. « Adje » an Kreyòl se pa « adieu » an Franse. « Adje! » vle di « Gade touman! Ala lapenn! » ; alòske an fransè « adieu » se yon fòmil yo di lè 2 moun ap separe an definitif. « Dan » nan ka sa a se pa dan nan bouch. Se ti non Danmbala. Se fòm kout non an ou jwenn nan chante tankou « Danmbala se Lwa koulèv la e, o Dan se Lwa koulèv la, ba li siwo ». Kidonk sans ekspresyon an se: « Gade touman, wi, Danbala! ». Mwen konnen referans vodou a p ap fè anpil moun plezi. Men se pa lafwa ak relijyon m ap diskite la a. Se analiz sou yon lang n ap fè. Yon lang se pitit yon kilti: Youn pa mache san lòt. Si w vle konprann youn byen, fòk ou bay lòt la konsiderasyon […] ».

Ekspresyon sa, se pa ta senbòl maryaj lang lan ak kilti nou ? « Dan » nan lang fongbe vle di « koulèv ». Pou prèv, se yon koulèv ki reprezante divinite Danmbala nan Vodou, espirityalite nou depi nan ginen.

Se ekspresyon sa tou, ak yon kout soupi, ki ka chaye chay touman n ap viv maten-midi-swa nan peyi sa : grangou, razè, ensekirite, lavi chè, katastwòf natirèl.

Se moman pou nou raple sa : kreyòl ayisyen an pa soti nan lang fransè. Lang fransè a se jis yon bèl pòsyon nan resèt zansèt nou yo te itilize pou te konkokte bèl lang sa. Malgre nan engredyan yo te gen lang ewopeyen yo (anglè, fransè, espanyòl…), lang tayino ak lang afriken nou ; dènye sa yo se dènye ti gou ki rete chak fwa nou fin pran lang lan.

Hmmm ! Adje wi, Dan ! Nan koze lakilti, nou gen anpil travay ki pou fèt wi, pou nou rive kanpe yon pòtrè-wobo pwòp tèt nou ki otantik !

Instagram

Ce message d’erreur n’est visible que pour les administrateurs de WordPress

Erreur. Aucun flux trouvé.

Veuillez aller sur la page de réglages d‘Instagram Feed pour connecter votre compte.